mardi 11 novembre 2008

ONÈ AK RESPÈ !!!

"Haïti Nou La" ap prezante kondoleyans li ak tout fanmi, zanmi moun ki viktim nan ensidan sa ki rive jou vandredi 7 novanm lan nan komin Petyon-Vil (Nèrèt), kote anpil elèv (Timoun, jèn ak pwofesè) pèdi lavi yon nan efondreman lekòl “La Promesse Evangélique”.

Kouraj se sa nou bezwen poun fè fas ak lòt sityasyon katastrofik konsa ki ka rive nou.

Yon panse espesyal pou tout moun ki viktim nan dènye inondasyon koze pa siklòn (Ana, Gistav, Ayk, Fay) ki prape peyi dayiti tou pandan lane a

An nou kenbe fèm, an nou pa dekouraje, an nou kwè nan yon sosyete pwospè kote tout ayisyen va met tèt ansanm pou bati yon sosyete ki baze sou lanmou, respè youn pou lòt ak lespwa pou viv.

Kèlke swa nan sa ou kwè, an nou priye, an nou chante, an nou fredonen yon refren espesyal pou tout sa ki pèdi lavi yo e ke lanmou nan kè nou kontinye akonpanye yo nan dènye demè yo.


Lanmou
Respè ak diyite

Haïti Nou La
« Nou ka chanje sa »

LF

lundi 11 août 2008

HAITI NOU LA

video